Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 79

Sòm 79:7-12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
7Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a.
8Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt.
9O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou.
10Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule!
11Koute jan prizonye yo ap plenn non! Avèk fòs ponyèt ou, delivre moun yo kondannen amò yo non.
12Seyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo.

Read Sòm 79Sòm 79
Compare Sòm 79:7-12Sòm 79:7-12