Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 78

Sòm 78:65-72

Help us?
Click on verse(s) to share them!
65Se lè sa a Seyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi. Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li.
66Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan.
67Li voye pitit Jozèf yo jete, li pa t' chwazi branch fanmi Efrayim lan.
68Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan.
69Se la li bati tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l' solid tankou latè, pou tout tan.
70Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo,
71dèyè manman mouton ki gen pitit dèyè yo, li fè l' wa sou pitit Jakòb yo. Li mete l' gadò pèp Izrayèl la.
72David pran swen yo ak tout kè li. Li kondi yo avèk anpil ladrès.

Read Sòm 78Sòm 78
Compare Sòm 78:65-72Sòm 78:65-72