Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 77

Sòm 77:2-10

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2(077:3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.
3(077:4) Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje!
4(077:5) Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.
5(077:6) M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.
6(077:7) Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di:
7(077:8-)Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò?
8(077:9) Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?
9(077:10) Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?
10(077:11) Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?

Read Sòm 77Sòm 77
Compare Sòm 77:2-10Sòm 77:2-10