Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 73

Sòm 73:1-25

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo.
2Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe,
3paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz.
4Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra.
5Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen.
6Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun.
7Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.
8Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun.
9Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans.
10Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo.
11Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen?
12Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches.
13Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè?
14Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen.
15Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo.
16Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen,
17jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini.
18Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini.
19Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.
20Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa.
21Lè sa a, mwen santi m' dekouraje; sa te fè m' mal anpil.
22Mwen te sòt, mwen pa t' konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou.
23Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe.
24Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou.
25Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè.

Read Sòm 73Sòm 73
Compare Sòm 73:1-25Sòm 73:1-25