Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 66

Sòm 66:5-20

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.
6Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè!
7Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo?
8Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!
9Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise.
10Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray.
11Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou.
12Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.
13M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.
14M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la.
15M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit.
16vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen.
17Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li.
18Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la.
19Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè.
20Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè.

Read Sòm 66Sòm 66
Compare Sòm 66:5-20Sòm 66:5-20