Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 60

Sòm 60:2-5

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2(060:4) Ou fè peyi a tranble, ou mete l' tèt anba. Mete l' sou de pye l' ankò, paske li prèt pou tonbe nèt.
3(060:5) Ou kite pèp ou a pase anba kont tray li. Ou ba li bwè yon bweson ki fè tèt li vire.
4(060:6) Ou bay moun ki gen krentif pou ou yo yon drapo, pou lè batay la yo jwenn kote pou yo kache.
5(060:7) Delivre nou ak pouvwa ou. Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.

Read Sòm 60Sòm 60
Compare Sòm 60:2-5Sòm 60:2-5