Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 50

Sòm 50:3-17

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.
4Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.
5Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.
6Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
7Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.
8Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.
9Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.
10Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.
11Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.
12Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.
13Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?
14Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
15Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
16Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
17Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.

Read Sòm 50Sòm 50
Compare Sòm 50:3-17Sòm 50:3-17