Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 48

Sòm 48:6-12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
6(048:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
7(048:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.
8(048:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.
9(048:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
10(048:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.
11(048:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.
12(048:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen.

Read Sòm 48Sòm 48
Compare Sòm 48:6-12Sòm 48:6-12