Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 48

Sòm 48:6-10

Help us?
Click on verse(s) to share them!
6(048:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
7(048:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.
8(048:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.
9(048:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
10(048:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.

Read Sòm 48Sòm 48
Compare Sòm 48:6-10Sòm 48:6-10