Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 48

Sòm 48:4-14

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4(048:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.
5(048:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.
6(048:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
7(048:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.
8(048:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.
9(048:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
10(048:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.
11(048:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.
12(048:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen.
13(048:14) Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen
14(048:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.

Read Sòm 48Sòm 48
Compare Sòm 48:4-14Sòm 48:4-14