Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 41

Sòm 41:6-11

Help us?
Click on verse(s) to share them!
6(041:7) Moun ki vin wè m' yo, se yon bann ipokrit. Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl. Soti yo soti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou.
7(041:8) Tout moun ki pa vle wè m' yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m' fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.
8(041:9) Y'ap di: Msye kondannen. Kote l' kouche a, nanpwen leve pou li ankò.
9(041:10) Ata pi bon zanmi m' lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m' lan, ata li menm, li trayi m'.
10(041:11) Men ou menm, Seyè, gen pitye pou mwen. Mete m' sou de pye m' ankò, pou m' ka ba yo sa yo merite.
11(041:12) M'a konnen ou kontan avè m' vre si m' wè lènmi m' yo pa banboche sou do m'.

Read Sòm 41Sòm 41
Compare Sòm 41:6-11Sòm 41:6-11