Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 38

Sòm 38:1-9

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1(038:1) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (038:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
2(038:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.
3(038:4) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
4(038:5) Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen.
5(038:6) Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou.
6(038:7) Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je.
7(038:8) Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m'
8(038:9) Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri.
9(038:10) Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri.

Read Sòm 38Sòm 38
Compare Sòm 38:1-9Sòm 38:1-9