Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 37

Sòm 37:7-25

Help us?
Click on verse(s) to share them!
7Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
8Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.
9Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.
10Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.
11Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.
12Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.
13Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan.
14Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo.
15Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo.
16Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal.
17Paske, Bondye ap kraze kouraj mechan yo, men l'ap soutni moun ki mache dwat yo.
18Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan.
19Yo p'ap wont lè bagay gate, y'ap jwenn tou sa yo bezwen lè grangou tonbe sou peyi a.
20Men mechan yo ap peri. Moun ki pa vle wè Seyè a ap fennen tankou flè savann. Y'ap disparèt tankou lafimen.
21Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado.
22Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a.
23Seyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.
24Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men.
25Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.

Read Sòm 37Sòm 37
Compare Sòm 37:7-25Sòm 37:7-25