Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 35

Sòm 35:16-19

Help us?
Click on verse(s) to share them!
16Yo atake m', yo pase m' nan betiz. Y'ap gade m', y'ap griyen dan sou mwen.
17Seyè, pou konbe tan ankò w'a penmèt sa? Pwoteje m' non anba bèt sovaj sa yo. Sove m' anba lyon sa yo.
18M'a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.
19Pa kite lènmi m' yo, bann mantò sa yo, fè fèt sou tèt mwen. Pa kite moun sa yo ki rayi m' san m' pa fè yo anyen an fè siy sou mwen.

Read Sòm 35Sòm 35
Compare Sòm 35:16-19Sòm 35:16-19