Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 2

Sòm 2:5-12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Apre sa, li fè kòlè, li pale ak yo. Li move sou yo, li fè kè yo kase.
6Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.
7Wa a di: -M'ap fè nou konnen sa Seyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou.
8Mande m', m'a ba ou tout nasyon yo pou eritaj ou. M'a ba ou tout latè pou bitasyon ou.
9W'ap kraze ren yo avèk yon baton fè, w'ap kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze.
10Koulye a, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute.
11Sèvi Seyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou,
12bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l' fache, n'a mouri, paske kòlè l' moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!

Read Sòm 2Sòm 2
Compare Sòm 2:5-12Sòm 2:5-12