Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 25

Sòm 25:8-17

Help us?
Click on verse(s) to share them!
8Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.
9Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.
10Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.
11Seyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m' yo, paske yo anpil.
12Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran.
13L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo.
14Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.
15Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa.
16Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.
17Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a.

Read Sòm 25Sòm 25
Compare Sòm 25:8-17Sòm 25:8-17