Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 25

Sòm 25:15-22

Help us?
Click on verse(s) to share them!
15Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa.
16Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.
17Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a.
18Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo.
19Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen.
20Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache.
21Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye.
22O Bondye, delivre pèp Izrayèl la anba tray l'ap pase yo.

Read Sòm 25Sòm 25
Compare Sòm 25:15-22Sòm 25:15-22