15Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa.
16Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.
17Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a.
18Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo.
19Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen.