Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 24

Sòm 24:1-5

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.
2Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo.
3Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?
4Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.
5Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l' la va fè l' gras.

Read Sòm 24Sòm 24
Compare Sòm 24:1-5Sòm 24:1-5