Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 150

Sòm 150:1-6

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè!
2Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!
3Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!
4Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen!
5Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri!
6Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!

Read Sòm 150Sòm 150
Compare Sòm 150:1-6Sòm 150:1-6