Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 145

Sòm 145:5-18

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo.
6Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs.
7Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.
8Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!
9Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.
10Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!
11Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa,
12pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.
13Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.
14L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.
15Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.
16Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.
17Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.
18Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.

Read Sòm 145Sòm 145
Compare Sòm 145:5-18Sòm 145:5-18