Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 145

Sòm 145:3-8

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!
4Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.
5M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo.
6Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs.
7Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.
8Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!

Read Sòm 145Sòm 145
Compare Sòm 145:3-8Sòm 145:3-8