Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 139

Sòm 139:6-14

Help us?
Click on verse(s) to share them!
6Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m', mwen pa konprann yo.
7Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou?
8Si m' moute nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann kote mò yo ye a, ou la tou.
9Si m' vole ale bò kote solèy leve, osinon si m' al rete bò lòt bò lanmè,
10l'a ankò, w'ap toujou la pou mennen m', w'ap la pou pwoteje m'.
11Si mwen di: -Bon! M' pral kache nan fènwa a. M' pral rete kote tout limyè mouri.
12Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou.
13Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'.
14M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Read Sòm 139Sòm 139
Compare Sòm 139:6-14Sòm 139:6-14