Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 132

Sòm 132:2-11

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l' te di:
3-Mwen p'ap antre nan kay kote m' rete a, mwen p'ap moute kouche sou kabann mwen,
4mwen p'ap bay kò m' repo, mwen p'ap fèmen je m',
5toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.
6Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo.
7Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n' adore l'.
8Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.
9Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.
10Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.
11Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a.

Read Sòm 132Sòm 132
Compare Sòm 132:2-11Sòm 132:2-11