Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 119

Sòm 119:97-147

Help us?
Click on verse(s) to share them!
97Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.
98Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan.
99Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.
100Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.
101Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.
102Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.
103Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.
104Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.
105Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
106Mwen fè sèman, epi m'ap kenbe sèman an: M'ap fè tou sa ou deside nan jistis ou.
107Seyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankò jan ou te pwomèt la.
108Seyè, koute lè m'ap lapriyè pou m' di ou mèsi. Fè m' konnen tou sa ou deside.
109Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou.
110Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lòd ou yo.
111Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan.
112Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri.
113Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.
114Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m' nan pawòl ou.
115Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.
116Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m' ka viv. Pa kite m' pran wont pou m' pa jwenn sa m'ap tann lan.
117Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fè.
118Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.
119Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo.
120M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.
121Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m' nan men lènmi m' yo.
122Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen.
123Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin sove m', jan ou te pwomèt fè m' jistis la.
124Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m' sa ou vle m' fè a.
125Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m', pou m' ka konnen prensip ou yo.
126Seyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou.
127Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an.
128Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.
129Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m'.
130Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.
131Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman m' anvi konnen kòmandman ou yo.
132Vire gade m' non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l' pou moun ki renmen ou yo!
133Soutni m' avèk pawòl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen.
134Delivre m' anba men moun k'ap peze m' yo pou m' ka mache dapre lòd ou yo.
135Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m' santi ou la avè m'. Moutre m' sa ou vle m' fè.
136Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
137Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.
138Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
139Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.
140Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.
141Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.
142Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.
143Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè.
144Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv.
145M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè.
146M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo!
147Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.

Read Sòm 119Sòm 119
Compare Sòm 119:97-147Sòm 119:97-147