Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 119

Sòm 119:97-120

Help us?
Click on verse(s) to share them!
97Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.
98Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan.
99Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.
100Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.
101Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.
102Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.
103Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.
104Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.
105Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
106Mwen fè sèman, epi m'ap kenbe sèman an: M'ap fè tou sa ou deside nan jistis ou.
107Seyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankò jan ou te pwomèt la.
108Seyè, koute lè m'ap lapriyè pou m' di ou mèsi. Fè m' konnen tou sa ou deside.
109Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou.
110Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lòd ou yo.
111Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan.
112Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri.
113Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.
114Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m' nan pawòl ou.
115Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.
116Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m' ka viv. Pa kite m' pran wont pou m' pa jwenn sa m'ap tann lan.
117Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fè.
118Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.
119Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo.
120M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.

Read Sòm 119Sòm 119
Compare Sòm 119:97-120Sòm 119:97-120