Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 119

Sòm 119:65-94

Help us?
Click on verse(s) to share them!
65Ou te aji byen avè m', sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la.
66Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.
67Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.
68Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè.
69Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'.
70Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la.
71Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè.
72Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.
73Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo.
74Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawòl ou.
75Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou.
76Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'.
77Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou.
78Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo.
79Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.
80Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont.
81Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.
82Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'?
83Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m' fè.
84Konbe jou sèvitè ou la rete pou l' viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m' yo?
85Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a.
86Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m' san rezon. vin pote m' sekou!
87Ti moso yo touye m'. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo.
88Paske ou renmen m', ban m' lavi ankò pou m' ka swiv prensip ki soti nan bouch ou.
89Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.
90Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm.
91Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye.
92Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.
93Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò.
94Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo.

Read Sòm 119Sòm 119
Compare Sòm 119:65-94Sòm 119:65-94