Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 119

Sòm 119:60-80

Help us?
Click on verse(s) to share them!
60Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo.
61Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.
62Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.
63Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.
64Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.
65Ou te aji byen avè m', sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la.
66Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.
67Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.
68Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè.
69Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'.
70Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la.
71Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè.
72Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.
73Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo.
74Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawòl ou.
75Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou.
76Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'.
77Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou.
78Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo.
79Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.
80Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont.

Read Sòm 119Sòm 119
Compare Sòm 119:60-80Sòm 119:60-80