Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 119

Sòm 119:36-63

Help us?
Click on verse(s) to share them!
36Fè m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan.
37Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan.
38Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou.
39Pa kite yo joure m', mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon!
40Ou wè jan m' anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankò!
41Fè m' wè jan ou renmen m', Seyè! vin delivre m', jan ou te pwomèt la.
42Lè sa a, m'a gen repons pou m' bay moun k'ap joure m' yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou.
43Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.
44M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.
45M'a mache alèz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo.
46M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa.
47Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo.
48M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.
49Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m' espwa.
50Nan mizè mwen, tout konsolasyon m', se pwomès ou fè m' lan. Se sa ki fè m' viv.
51Yon bann awogan ap pase m' nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou.
52Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyè, se sa ki ban m' kouraj.
53Sa mete m' ankòlè, lè m' wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou.
54Mwen fè chante ak sa ou mande m' fè, nan kay ki pa lakay mwen.
55Lannwit se ou m'ap chonje, Seyè. M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m' fè.
56Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m'ap swiv tout lòd ou yo.
57Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo.
58M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la.
59Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo.
60Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo.
61Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.
62Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.
63Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.

Read Sòm 119Sòm 119
Compare Sòm 119:36-63Sòm 119:36-63