Text copied!
CopyCompare
Bib La - Sòm - Sòm 119

Sòm 119:158-174

Help us?
Click on verse(s) to share them!
158Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou.
159Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'.
160Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.
161Yon bann chèf ap pèsekite m' san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.
162Pawòl ou fè kè m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richès.
163Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.
164Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.
165Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.
166M'ap tann ou vin delivre m', Seyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m' fè.
167M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo.
168M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m' fè, paske ou konnen tout vire tounen m'.
169Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann.
170Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'.
171Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè.
172Se pou m' chante pou m' fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat.
173Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo!
174Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou.

Read Sòm 119Sòm 119
Compare Sòm 119:158-174Sòm 119:158-174