Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 2

Resansman 2:2-10

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2-Lè moun pèp Izrayèl yo va rive yon kote pou yo rete, chak moun va moute tant yo toupre làbanyè yo, anba ti drapo branch fanmi zansèt yo. Y'a moute tant yo devan ak sou kote Tant Randevou a, men pa twò pre l'.
3Tout moun k'ap mache anba làbanyè Jida a va moute kan yo sou bò solèy leve, chak divizyon apa. Se Nakchon, pitit gason Aninabad la, ki te chèf fanmi Jida a.
4Dapre resansman an, te gen swasannkatòzmil sisan (074.600) gason nan divizyon sa a.
5Moun Isaka yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Jida a yo. Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te chèf fanmi yo a.
6Dapre resansman an, te gen senkannkatmil katsan (054.400) gason nan divizyon sa a.
7Moun Zabilon yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Jida yo. Se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te chèf fanmi yo a.
8Dapre resansman an, te gen senkannsètmil katsan (057.400) gason nan divizyon sa a.
9Konsa, anba làbanyè Jida a, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sankatrevensimil katsan (0186,400) gason. Se toujou yo menm ki pou mache devan lè y'ap deplase.
10Tout moun k'ap mache anba làbanyè Woubenn yo va moute kan yo sou bò sid, chak divizyon apa. Se Elisou, pitit gason Chedeyou a, ki te chèf fanmi Woubenn lan.

Read Resansman 2Resansman 2
Compare Resansman 2:2-10Resansman 2:2-10