Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 26

Resansman 26:2-27

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2-Nou pral fè resansman tout moun pèp Izrayèl la, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, chak fanmi apa, dapre zansèt yo. W'a pran non tout gason nan pèp Izrayèl la ki bon pou fè lagè.
3Se konsa, antan pèp la nan plenn peyi Moab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Moyiz ak Eleaza, prèt la, ba yo lòd
4pou tout gason ki gen ventan osinon ki pi gran vin bay non yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. Men moun pèp Izrayèl la ki te soti kite peyi Lejip:
5Nan branch fanmi Woubenn, premye pitit gason Izrayèl la, te gen fanmi moun Enòk yo, fanmi moun Palou yo,
6fanmi moun Ezwon yo ak fanmi moun Kami yo.
7Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Woubenn lan. Lè resansman an, yo te jwenn karanntwamil sètsantrant (043.730) gason nan branch fanmi sa a.
8Palou te papa Eliyab.
9Eliyab te papa Nemwèl, Datan ak Abiram. Se Datan ak Abiram sa yo, de nèg moun yo te konsidere anpil, ki te revòlte kont Moyiz ak Arawon. Yo te fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a.
10Lè sa a, tè a te louvri, li vale yo, epi yo mouri ansanm ak Kore ak tout bann moun li yo. Jou sa a, dife te boule desansenkant (0250) moun. Se te yon avètisman pou pèp la.
11Men, pitit gason Kore yo pa t' mouri lè sa a.
12Men pitit gason Simeyon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Nemwèl yo, fanmi moun Yamen yo, fanmi moun Yakim yo,
13fanmi moun Zera yo ak fanmi moun Sayil yo.
14Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Simeyon an. Lè resansman an, te gen venndemil desan (022.200) gason nan branch fanmi sa a.
15Men pitit gason Gad yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Sefon yo, fanmi moun Agi yo, fanmi moun Chouni yo,
16fanmi moun Ozni yo, fanmi moun Eri yo,
17fanmi moun Awòd yo, fanmi moun Areli yo.
18Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Gad la. Lè resansman an, te gen karantmil senksan (040.500) gason nan branch fanmi sa a.
19Men pitit gason Jida yo. Te gen Er ak Onan, men yo tou de mouri nan peyi Kanaran san kite pitit.
20Apre yo, te gen Chela, Perèz ak Zirak, ki bay yo chak yon kòt fanmi.
21Perèz te gen de pitit gason. Yo chak bay yon fanmi apa. Se te fanmi Eswon an ak fanmi Amoul lan.
22Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Jida a. Lè resansman an, te gen swasannsèzmil senksan (076.500) gason nan branch fanmi sa a.
23Men pitit gason Isaka yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Tola yo, fanmi moun Pouva yo,
24fanmi moun Yachoub yo, fanmi moun Chimwon yo.
25Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Isaka a. Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil twasan (064.300) gason nan branch fanmi sa a.
26Men pitit gason Zabilon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Serèd yo, fanmi moun Elon yo, fanmi moun Yaleyèl yo.
27Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Zabilon an. Lè resansman an, yo te jwenn swasantmil senksan (060.500) gason nan branch fanmi sa a.

Read Resansman 26Resansman 26
Compare Resansman 26:2-27Resansman 26:2-27