Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 22

Resansman 22:4-23

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4Moun Moab yo pale ak chèf fanmi moun Madyan yo, yo di yo: -Bann moun sa yo pral manje tou sa ki alantou nou, tankou bèf k'ap manje zèb nan savann. Lè sa a, se Balak, pitit Zipò, ki te wa peyi Moab.
5Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men komisyon li te voye ba li: -Men, gen yon pèp la a ki soti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Koulye a, men yo kanpe toupre lòt bò fwontyè peyi mwen an.
6Tanpri, vini non. Vin madichonnen yo pou mwen, paske yo pi fò pase m'. Lè sa a, ou pa janm konnen, m'a ka bat yo, m'a mete yo deyò nan peyi a. Paske mwen konnen lè ou beni yon moun, li beni nèt, Konsa tou, lè ou bay yon moun madichon, li madichonnen nèt.
7Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li komisyon Balak la.
8Balaram di yo: -Bon. Nou mèt pase nwit la isit la. Denmen m'a ban nou repons mwen dapre sa Seyè a va fè m' konnen. Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo rete lakay Balaram.
9Bondye vin bò kote Balaram, li di l' konsa: -Ki moun sa yo ki lakay ou a?
10Balaram reponn: -Se Balak, pitit Zipò a, wa peyi Moab, ki voye yo vin di m':
11Men gen yon pèp ki soti nan peyi Lejip k'ap mache pran tout peyi pou yo. Tanpri, vini ba yo madichon pou li. Konsa, l'a ka rive bat yo, l'a ka mete yo deyò nan peyi a.
12Men Bondye di Balaram konsa: -Piga ou ale ak mesye sa yo, tande. Piga ou bay pèp Izrayèl la madichon, paske se mwen ki beni yo.
13Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, l' al jwenn moun Balak te voye yo, li di yo: -Tounen lakay nou, paske Seyè a pa vle kite m' ale ak nou.
14Se konsa chèf moun Moab yo leve, yo tounen bò kote Balak, yo di l' konsa: -Balaram refize vini avèk nou!
15Lè sa a, Balak voye yon bann lòt chèf kote Balaram ankò. Men, fwa sa a chèf sa yo te pi plis, epi yo te pi grannèg pase premye yo.
16Mesye yo leve vre, y' ale bò kote Balaram, epi yo di l' konsa: -Men sa Balak, pitit Zipò a, voye di ou: Tanpri, pa kite anyen anpeche ou vin bò kote m'.
17Gade: m'ap kite anpil bèl bagay pou ou. M'ap fè tou sa ou di m' fè. Tanpri, vini non! Vin bay pèp sa a madichon pou mwen.
18Men, Balaram reponn moun Balak yo, li di yo: -Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen, ni lou ni lejè, ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, Bondye mwen an.
19Yon sèl bagay, nou mèt dòmi isit la aswè a, pou m' ka konnen si Seyè a gen lòt bagay li vle di m' ankò.
20Jou lannwit sa a, Bondye vin jwenn Balaram, epi li di l' konsa: -Si se chache mesye sa yo vin chache ou, ou mèt leve ale ak yo. Men, se sa mwen di ou fè ase pou ou fè.
21Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, li sele manman bourik l' a, epi li pati avèk chèf moun Moab yo.
22Pati Balaram pati, Bondye fache sou li. Se konsa, antan Balaram taprale sou manman bourik l' a, avèk de domestik ki t'ap mache avè l' yo, zanj Seyè a vin kanpe nan mitan wout la pou bare chemen l'.
23Lè manman bourik la wè zanj Seyè a ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe li nan men l', bourik la chankre, li lage kò l' nan jaden. Balaram bat bourik la jouk li fè l' tounen sou wout la.

Read Resansman 22Resansman 22
Compare Resansman 22:4-23Resansman 22:4-23