Text copied!
CopyCompare
Bib La - Resansman - Resansman 14

Resansman 14:18-37

Help us?
Click on verse(s) to share them!
18Se mwen menm ki Seyè a, mwen pa an kòlè fasil, mwen p'ap janm sispann renmen nou. M'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal ak sa nou te dwe fè nou pa fè. Men, mwen pa nan kase fèy kouvri sa ak pesonn. Si yon moun fè yon bagay mal, m'ap pini pitit li, pitit pitit li, ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.
19Tanpri, jan ou gen bon kè sa a, padonnen sa pèp la fè ki mal la, menm jan ou te pran pasyans ak yo depi yo kite peyi Lejip jouk yo rive isit la.
20Seyè a di: -M'ap padonnen yo, jan ou mande m' lan.
21Men, menm jan ou wè mwen vivan an, menm jan ou wè pouvwa mwen toupatou sou latè,
22okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m' lè m' pale ak yo.
23Yo p'ap menm wè peyi mwen te sèmante mwen t'ap bay zansèt yo a. Yo tout ki vire do ban mwen yo, yo yonn p'ap wè peyi a.
24Men, paske Kalèb, sèvitè m' lan, pa aji tankou yo, li swiv mwen san gad dèyè, m'ap fè l' antre nan peyi li te al rekonèt la. Pitit pitit li yo va pran peyi a pou yo.
25Y'a rete nan plenn kote moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo rete koulye a. Denmen n'ap fè bak, n'a tounen nan dezè a ankò nan direksyon Lanmè Wouj la.
26Apre sa, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
27-Kilè bann moun mechan sa yo va sispann bougonnen sou do mwen konsa? Mwen bouke tande jan moun pèp Izrayèl yo ap pale m' mal.
28Men sa pou ou di yo pou mwen: Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa. Menm jan nou wè m' vivan an, mwen fè sèman sa nou te di k'ap rive nou an, se li k'ap rive nou vre.
29Y'ap antere kadav nou tout nan dezè a. Nou tout ki t'ap bougonnen sou mwen yo, nou tout yo te konte lè resansman an, nou tout ki gen ventan ak sa ki pi gran yo, nou yonn p'ap antre nan peyi a.
30Dakò! Mwen te fè sèman mwen t'ap fè nou al rete nan peyi a. Men, nou yonn p'ap gen chans lan, esepte Kalèb, pitit gason Jefoune a, ak Jozye, pitit gason Noun lan.
31Nou te di pitit pitit nou yo pral tonbe anba men lènmi nou yo. Men, se yo menm m'ap fè antre nan peyi nou menm nou refize al pran an.
32Men, nou menm y'ap antere kadav nou yo isit nan dezè a.
33Pitit nou yo pral moute desann nan tout dezè a. Pandan karant lanne, y'a peye pou vire nou te vire do ban mwen an, jouk nou tout nèt n'a fin mouri nan dezè a.
34Nou menm, n'a peye konsekans peche nou an pandan karant lanne, yon lanne pou chak jou nan karant jou nou te pase ap vizite peyi a. Lè sa a, n'a konnen sa sa vle di lè m' vire do bay moun.
35Se mwen menm Seyè a ki di sa: Mwen fè sèman se konsa mwen pral aji ak bann moun sa yo ki mete tèt yo ansanm sou do m'. Yo tout gen pou yo disparèt nan dezè sa a. Wi, se la menm yo tout ap mouri.
36Mesye Moyiz te voye al rekonèt peyi a te fè tout pèp la ap bougonnen sou Moyiz avèk move rapò yo te fè sou peyi a, lè yo te tounen an.
37Se konsa yon sèl maladi tonbe sou mesye sa yo ki te pale peyi a mal konsa. Yo tonbe, yo mouri frèt devan Seyè a.

Read Resansman 14Resansman 14
Compare Resansman 14:18-37Resansman 14:18-37