Text copied!
CopyCompare
Bib La - Ròm - Ròm 7

Ròm 7:19-25

Help us?
Click on verse(s) to share them!
19Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a.
20Epi, si m' fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l', men se peche ki nan mwen an ki fè li.
21Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m' vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m' ka fè.
22Nan fon kè m', mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa Bondye a.
23Men, nan tout kò m', mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m' prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen.
24Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m' anba kò sa a k'ap trennen m' nan lanmò?
25Gremesi Jezikri, Seyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye! Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m' santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a.

Read Ròm 7Ròm 7
Compare Ròm 7:19-25Ròm 7:19-25