Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 8

Pwovèb 8:1-10

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Tande byen. Sajès ap rele byen fò. Entèlijans ap pale fò pou tout moun tande.
2Li kanpe sou tèt ti mòn yo, sou bò wout la, nan mitan kalfou yo.
3L'ap pale byen fò bò pòtay lavil la, sou tout papòt yo, l'ap di:
4Nou menm lèzòm, se ak nou m'ap pale. M'ap rele pou tout moun ki sou latè tande.
5Nou menm ki pa gen konprann, vin aprann sa ki rele gen bon konprann Nou menm k'ap aji tankou moun fou, vin aprann sa ki rele gen lespri.
6Louvri zòrèy nou. Mwen pral di pawòl ki konsekan. Tou sa mwen pral di yo se bagay ki dwat.
7Sa m' pral di la a se verite. Mwen pa kapab bay manti.
8Tou sa ki soti nan bouch mwen, se pawòl ki dwat. Nan sa m' di yo pa gen anyen ki pa vre, pa gen anyen ki kwochi.
9Yo klè pou moun ki gen bon konprann. Yo kòrèk pou moun ki gen konesans.
10Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò.

Read Pwovèb 8Pwovèb 8
Compare Pwovèb 8:1-10Pwovèb 8:1-10