Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 7

Pwovèb 7:7-26

Help us?
Click on verse(s) to share them!
7Mwen wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou.
8Li t'ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan.
9Le sa a solèy te kouche, te fin fè nwa.
10Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l' dèyè tèt li.
11Fanm lan te gen je chèch, li pa t' wont anyen. Li pa t' kapab rete chita lakay li.
12Li toupatou nan lari, sou laplas, nan tout kalfou. L'ap veye, je l' toupatou.
13Li pase bra l' nan kou ti jennonm lan. Li bo li, li klere je l' nan je l', li di l':
14Mwen te gen pou m' ofri yon bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se jòdi a mwen kit ak angajman mwen an.
15Se poutèt sa, mwen vin kontre ou. Mwen t'ap chache ou, mwen jwenn ou.
16Mwen ranje kabann mwen ak bon jan dra. Mwen mete bèl dra koulè ki soti peyi Lejip sou kabann mwen.
17Mwen fè kabann mwen santi bon. Mwen vide odè flè jasmen, womaren ak kannèl sou li.
18Vini non! Ann al damou jouk li jou. Annou pran plezi nou. Ann fè doudous jouk nou sou.
19Mari m' pa la, li pati, li al fè yon vwayaj byen lwen.
20Li pati ak anpil lajan nan pòch li. Li p'ap tounen anvan kenz jou.
21Se konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l' asepte.
22Jennonm lan pran swiv li, tankou bèf y'ap mennen labatwa, tankou kabrit yo pran nan pèlen
23k'ap tann yo vin koupe tèt li, tankou zwazo k'ap mache sou pèlen san li pa konnen lavi l' an danje.
24Koulye a, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zòrèy nou, tande sa m'ap di nou.
25Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou.
26Li lakòz anpil gason tonbe mouri. Li lakòz anpil vanyan gason pèdi lavi yo.

Read Pwovèb 7Pwovèb 7
Compare Pwovèb 7:7-26Pwovèb 7:7-26