Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 5

Pwovèb 5:1-19

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Pitit mwen, louvri lespri ou pou koute sa m'ap di ou, mwen menm ki gen bon konprann. Louvri zòrèy ou pou ou tande konsèy m'ap ba ou, mwen menm ki gen bon konprann.
2Konsa, w'a konnen jan pou ou kondi tèt ou byen. Pawòl ki soti nan bouch ou va moutre jan ou se moun ki gen bon konprann.
3Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo.
4Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò.
5L'ap mennen ou kote mò yo ye a. Tou sa l'ap fè se pou touye ou.
6Li p'ap chache chemen lavi. L'ap pwonmennen toupatou, li pa konnen kote li prale.
7Koulye a, pitit mwen yo, koute m' byen. Pa janm bliye sa m' pral di nou la a.
8Rete lwen yon fanm konsa. Pa janm pwoche bò pòt lakay li,
9pou fanm deyò pa fini avè ou, pou ou pa fè nèg ankòlè touye ou anvan lè ou!
10Si se pa sa, se etranje ki va pran tout byen ou yo. Se lòt moun ki va jwi tou sa ou te travay fè.
11Lè w'a prèt pou ou mouri, w'a kouche sou kabann ou ap plenn. Maladi ap manje ou nan tout kò ou.
12Lè sa a, w'a di: Poukisa mwen pa t' vle kite yo rale zòrèy mwen?
13Mwen pa t' vle koute moun ki t'ap moutre m' sa pou m' fè. Mwen pa t' louvri zòrèy mwen lè yo t'ap pale m'.
14Yon ti kras ankò, mwen t'ap nan tout kalite malè. La, devan tout moun, mwen t'ap pèdi repitasyon m'.
15Bwè dlo nan kannari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete.
16Pa fè pitit ak fanm deyò, pou san ou pa trennen nan lari.
17Se pou pitit ou grandi anndan lakay ou. Yo pa ka ap sèvi ou pou y'ap sèvi moun deyò tou.
18Fè kè ou kontan ak madanm ou. Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan.
19L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lamou ak li.

Read Pwovèb 5Pwovèb 5
Compare Pwovèb 5:1-19Pwovèb 5:1-19