Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 3

Pwovèb 3:2-26

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze.
3Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.
4Si ou fè sa, Bondye va kontan avè ou, lèzòm va nonmen non ou an byen.
5Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.
6Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran.
7Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Seyè a, refize fè sa ki mal.
8Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè.
9Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou.
10Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.
11Pitit mwen, lè Seyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje.
12Paske Seyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.
13Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann!
14Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò.
15Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li.
16Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou.
17L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè.
18Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann!
19Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entèlijans li, li mete syèl la nan plas li.
20Avèk konesans li, li fè larivyè yo koule. Li fè nwaj yo bay lapli sou latè.
21Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo.
22Y'ap ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.
23W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen.
24Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.
25Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l' tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou.
26Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen.

Read Pwovèb 3Pwovèb 3
Compare Pwovèb 3:2-26Pwovèb 3:2-26