Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 2

Pwovèb 2:8-19

Help us?
Click on verse(s) to share them!
8Li pwoteje moun ki pa fè lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li.
9Si ou koute m', w'a konnen ki jan pou ou mennen bak ou byen, ki jan pou ou pa fè lenjistis. W'a konnen ki jan pou ou mache dwat nan lavi. W'a konnen tout bon bagay ou dwe fè.
10Lè sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen.
11Entèlijans ou p'ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou.
12Yo p'ap kite ou fè sa ki mal. Yo p'ap kite moun k'ap fè bèl diskou pou twonpe moun pwoche bò kote ou.
13Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa.
14Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè.
15Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan.
16Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltè yo, anba fanm lòt peyi ki gen bèl pawòl dous pou pran tèt ou.
17Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye.
18Si ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmò. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mò yo ye a.
19Lakay yo, se antre pa soti. Pa gen lavi pou ou ankò!

Read Pwovèb 2Pwovèb 2
Compare Pwovèb 2:8-19Pwovèb 2:8-19