Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 29

Pwovèb 29:13-22

Help us?
Click on verse(s) to share them!
13Gen yon bagay ni pòv la ni moun k'ap peze l' la gen ansanm: se Bondye ki bay ni yonn ni lòt je pou yo wè.
14Lè yon wa pran kòz malere yo pou l' defann dwa yo san patipri, wa sa a la pou l' gouvènen lontan.
15Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont.
16Lè mechan an rive chèf nan yon peyi, gen plis mechanste k'ap fèt. Men, moun k'ap mache dwat yo va wè jan mechan yo ap tonbe.
17Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan.
18Lè pa gen moun ki pou fè pèp la konnen sa pou l' fè, pèp la an debandad nèt. Men, ala bon sa bon pou moun k'ap fè sa lalwa mande!
19Pale anpil p'ap korije esklav. Menm lè li konprann, se pa sa k'ap fè l' obeyi.
20Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k'ap prese pale san kalkile.
21Lè ou mou ak yon esklav depi li tou piti, rive yon lè l'ap konprann se pitit ou li ye.
22Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen.

Read Pwovèb 29Pwovèb 29
Compare Pwovèb 29:13-22Pwovèb 29:13-22