Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 27

Pwovèb 27:1-23

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen.
2Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.
3Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache.
4Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi?
5Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen.
6Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou.
7Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch.
8Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li.
9Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj.
10Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.
11Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo.
12Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.
13Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye.
14Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon.
15Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen.
16Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou!
17Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.
18Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li.
19Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye.
20Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.
21Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye.
22Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt.
23Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo.

Read Pwovèb 27Pwovèb 27
Compare Pwovèb 27:1-23Pwovèb 27:1-23