Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 27

Pwovèb 27:1-12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen.
2Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.
3Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache.
4Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi?
5Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen.
6Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou.
7Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch.
8Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li.
9Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj.
10Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.
11Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo.
12Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.

Read Pwovèb 27Pwovèb 27
Compare Pwovèb 27:1-12Pwovèb 27:1-12