Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 26

Pwovèb 26:10-21

Help us?
Click on verse(s) to share them!
10Patwon ki pran nenpòt moun san konprann osinon nenpòt moun k'ap pase nan lari pou travay pou li, se yon danje pou tout moun.
11Menm jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y'ap fè a.
12Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann.
13Parese a di: Gen bèt nan bwa sou wout la. Gen yon lyon nan lari a.
14Parese a ap vire adwat agoch nan kabann li, menm jan yon pòt ap vire louvri fèmen sou gon li yo.
15Parese a pran kiyè l' nan men l'. Men, pou l' leve l' mete nan bouch li, se yon pakèt afè.
16Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di.
17Moun k'ap foure bouch nan koze ki pa gade l', se tankou moun k'ap rale ke chen li jwenn sou gran chemen.
18-(we vèsè pwochen)
19Moun k'ap mache twonpe moun, apre sa pou li di: Aa monchè! Se jwe mwen t'ap jwe, moun konsa tankou moun fou k'ap voye bwa dife ak wòch pou touye moun.
20Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont.
21Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife.

Read Pwovèb 26Pwovèb 26
Compare Pwovèb 26:10-21Pwovèb 26:10-21