Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 25

Pwovèb 25:18-22

Help us?
Click on verse(s) to share them!
18Yon moun k'ap mache bay manti sou moun, se tankou yon makak chaplèt, yon nepe, yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou.
19Jou malè, si ou mete konfyans ou sou moun trèt, se tankou si ou vle mòde ak dan pouri, osinon kouri sou pye foule.
20Chante mereng pou yon moun ki nan lapenn, se tankou moun ki wete tout rad sou li nan fredi, se tankou si ou prije sitwon sou yon malenng.
21Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l' bwè.
22Lè sa a, w'a fè l' wont anpil. Seyè a va rekonpanse ou.

Read Pwovèb 25Pwovèb 25
Compare Pwovèb 25:18-22Pwovèb 25:18-22