Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 23

Pwovèb 23:3-27

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou.
4Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa.
5Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale.
6Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou.
7Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa.
8W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen.
9Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li.
10Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa.
11Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou.
12Mete tèt ou an plas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale.
13Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'.
14Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri.
15Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan.
16M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap soti nan bouch ou.
17Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye.
18Paske gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan.
19Louvri zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat.
20Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte.
21Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.
22Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.
23Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.
24Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan.
25Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan.
26Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.
27Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis.

Read Pwovèb 23Pwovèb 23
Compare Pwovèb 23:3-27Pwovèb 23:3-27