Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 23

Pwovèb 23:26-35

Help us?
Click on verse(s) to share them!
26Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.
27Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis.
28Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo.
29Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj?
30Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe.
31Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou.
32Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.
33W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.
34W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman.
35Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m' kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.

Read Pwovèb 23Pwovèb 23
Compare Pwovèb 23:26-35Pwovèb 23:26-35