Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 23

Pwovèb 23:21-33

Help us?
Click on verse(s) to share them!
21Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.
22Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.
23Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.
24Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan.
25Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan.
26Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.
27Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis.
28Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo.
29Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj?
30Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe.
31Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou.
32Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.
33W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.

Read Pwovèb 23Pwovèb 23
Compare Pwovèb 23:21-33Pwovèb 23:21-33