Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 22

Pwovèb 22:1-18

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.
2Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye.
3Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.
4Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan.
5Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo.
6Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'.
7Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li.
8Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt.
9Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'.
10Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann.
11Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.
12Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont.
13Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a.
14Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a.
15Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.
16Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv.
17Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.
18L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou.

Read Pwovèb 22Pwovèb 22
Compare Pwovèb 22:1-18Pwovèb 22:1-18