Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 20

Pwovèb 20:6-20

Help us?
Click on verse(s) to share them!
6Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.
7Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.
8Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.
9Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?
10Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.
11Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon.
12Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.
13Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje.
14Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè.
15Lè yon moun ki gen konprann ap pale sa gen plis valè pase kantite lò ak pyè ki koute chè.
16Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye.
17Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan.
18Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.
19Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp.
20Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan.

Read Pwovèb 20Pwovèb 20
Compare Pwovèb 20:6-20Pwovèb 20:6-20